The Bible Software
bible.software › 2 Samuel › 2 Samuel 7 › 2 Samuel 7:2

2 Samuel 7:2

Wa a pale ak pwofèt Natan, li di l' konsa: -Gade! Mwen rete nan yon kay bati ak bwa sèd, men Bwat Kontra Seyè a se anba yon kay twal li ye.

Bib La

In The King James Version

That the king said unto Nathan the prophet, See now, I dwell in an house of cedar, but the ark of God dwelleth within curtains.

In Context

1Wa David te byen chita nan palè li. Seyè a te pwoteje l', li te fè tout lènmi ki te alantou peyi a pa chache l' kont ankò.

3Natan reponn li: -Tou sa ou gen lide fè, ou mèt fè l', paske Seyè a kanpe la avè ou.

Read all of 2 Samuel 7

Cross References

Exodus 40:21Apre sa, li pote Bwat Kontra a andedan kay la, epi li moute rido yo. Se konsa, li kache Bwat Kontra a, jan Seyè a te ba li lòd la.

2 Samuel 6:17Yo pote Bwat Kontra Seyè a, yo mete l' nan plas li nan tant David te moute pou li a. Apre sa, David ofri bèt pou boule nèt pou Seyè a ak ofrann pou di Bondye mèsi.

2 Samuel 11:11Ouri reponn David: -Sòlda Izrayèl yo ak sòlda Jida yo byen lwen ap fè lagè, Bwat Kontra Seyè a ansanm ak yo. Kòmandan Joab ak lòt chèf lame monwa yo ap pase nwit deyò nan plenn yo. Ki jan ou vle pou m' al lakay mwen, manje, bwè, kouche ak madanm mwen? Mwen fè sèman sou tèt ou, menm jan ou vivan an, m' pa ka janm fè bagay konsa.

1 Kings 1:8Men Zadòk, prèt la, Benaja, pitit gason Jeojada a, pwofèt Natan, Chimeyi, Reyi ak vanyan sòlda David yo pa te patizan Adonija.

1 Chronicles 14:1Iram, wa lavil Tir la, delege kèk mesaje bò kote David ak yon chajman bwa sèd. Li voye tou kèk bòs mason ak bòs chapant pou bati yon palè pou li.

1 Chronicles 29:29Se nan liv istwa pwofèt Samyèl, liv istwa pwofèt Natan ak liv istwa pwofèt Gad nou jwenn istwa tou sa David te fè depi nan konmansman jouk li mouri.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Samuel 7:2

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Samuel 7:12 Samuel 72 Samuel 7:3 →