2 Samuel 8:1
Apre sa, David atake moun Filisti yo ankò. Li bat yo byen bat. Se konsa li kraze pouvwa yo te gen nan peyi a, li pran peyi a nan men yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 2:24Men Joab ak Abichayi pran kouri pi rèd dèyè Abnè. Solèy tapral kouche lè yo rive sou ti bit mòn Anma a, ki sou bò solèy leve lavil Giyak, sou chemen ki mennen nan dezè Gabawon an.
2 Samuel 5:25David fè sa Seyè a te mande l' fè a. Li bat moun Filisti yo, li kouri dèyè yo depi Lavil Gebarive lavil Gezè.
2 Samuel 21:15Lagè pete ankò ant moun Filisti yo ak moun peyi Izrayèl yo. David desann ak sòlda li yo, li al goumen ak moun Filisti yo. Pandan y'ap goumen konsa, David santi l' bouke.
Psalms 60:2(060:4) Ou fè peyi a tranble, ou mete l' tèt anba. Mete l' sou de pye l' ankò, paske li prèt pou tonbe nèt.