2 Thessalonians 2:17
M'ap mande yo pou yo fòtifye kè nou, pou yo ban nou fòs kouraj pou nou fè tou sa ki byen, pou nou di tou sa ki byen.
Bib La
In The King James Version
Comfort your hearts, and stablish you in every good word and work.
In Context
Cross References
Isaiah 51:12Seyè a di: -Se mwen menm k'ap ban nou kouraj. Poukisa pou nou ta pè moun ki la pou mouri, moun ki gen pou pase tankou zèb nan savann?
Isaiah 61:1Lespri Bondye, Seyè a, desann sou mwen. Paske Seyè a chwazi m', li voye m' pou m' anonse bon nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m' geri tout moun k'ap soufri yo, pou m' fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m' fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.
Isaiah 66:13Menm jan yon manman konsole pitit li, se konsa m'ap konsole nou nan lavil Jerizalèm.
Romans 15:13Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l' fè kè nou kontan nèt, pou l' fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.
1 Corinthians 1:8Bondye va kenbe nou fèm jouk sa kaba. Konsa, yo p'ap jwenn anyen pou repwoche nou lè jou Jezikri, Seyè nou an, va rive.
2 Corinthians 1:21Se Bondye menm ki kenbe m' fèm, ansanm ak nou tout, nan lavi n'ap mennen nan Kris la. Se li menm ki mete nou apa pou li,