2 Thessalonians 2:3
Pa kite pesonn twonpe nou nan ankenn jan. Paske, anvan jou sa a rive, gen yon dènye revòlt kont Bondye ki pou fèt. Nou gen pou nou wè mechan ki deja kondannen pou disparèt la vini anvan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Daniel 8:25L'ap rize anpil. L'a reyisi chak fwa l'ap twonpe moun. L'ap fè lwanj tèt li. San bay avètisman, l'ap detwi anpil moun ki t'ap viv ak kè poze. L'ap atake ata pi gwo chèf la, chèf tout chèf yo. Men li menm, rive yon lè l'ap disparèt, san se pa ankenn moun ki fè l' anyen.
Matthew 24:4Jezi reponn yo: Atansyon pou pesonn pa twonpe nou.
1 Corinthians 6:9Nou konnen byen pwòp moun ki mechan p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Pa twonpe tèt nou: moun k'ap viv nan dezòd, moun k'ap sèvi zidòl, moun k'ap viv nan adiltè, moun pèvèti k'ap sèvi fanm ak fanm, gason ak gason,
2 Thessalonians 2:8Lè sa a, mechan an va parèt. Seyè Jezi va soufle ak bouch li sou li, la touye li. L'ap annik parèt nan tout pouvwa li pou l' fini nèt ak li.
2 Timothy 3:1Mete sa byen nan tèt ou: nan dènye jou yo, tan an pral difisil anpil.
1 John 2:18Pitit mwen yo, dènye jou a pa lwen rive. Nou tande yo te di nou moun k'ap goumen ak Kris la gen pou vini. Men koulye a, se yon bann moun ki kanpe pou konbat Kris la. Se sa ki fè nou konnen dènye jou a pa lwen rive ankò.