2 Timothy 1:15
Ou te pran nouvèl la, pa vre? Tout moun nan pwovens Lazi yo lage m' pou kont mwen, ata Fijèl ak Emojèn.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Acts 16:6Sentespri pa t' kite Pòl ak Timote al anonse pawòl Bondye a nan pwovens Lazi a. Se sak fè yo te pase nan zòn Friji ak zòn Galasi san rete.
Acts 19:27Talè konsa, metye nou an pral pote move non. Men, sa ki pi rèd ankò, kay Atemis, gwo bondye fanm lan, pral pèdi repitasyon li. Lè sa a menm, gwo bondye moun ap adore nan tout pwovens Lazi ak toupatou sou latè a pral pase pou anyen.
Acts 20:16Pòl te deside pase devan Efèz san rete pou l' pa t' pèdi twòp tan nan pwovens Lazi a. Li t'ap prese, li te vle wè si l' te kapab rive Jerizalèm pou jou Lapannkòt la.
Philippians 2:21Tout lòt yo, se zafè pa yo ase y'ap regle, yo p'ap defann kòz Kris la.
2 Timothy 4:16pa t' gen pesonn pou ede m' premye jou mwen t'ap fè defans mwen devan chèf yo. Tout moun kite m' pou kont mwen. Mwen mande Bondye pou l' padonnen yo sa.