2 Timothy 2:18
Yo tou de vire do bay verite a, y'ap plede fè anpil lòt moun pèdi konfyans nan Bondye. Y'ap mache di: Nou leve soti vivan nan lanmò deja.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Pawòl y'ap di yo, se tankou yon maladi k'ap manje tout kò yo. Nan moun sa yo gen Imene ak Filèt.
Cross References
Matthew 15:13Jezi reponn yo: Si se pa Papa m' nan syèl la ki plante yon plant, yo gen pou yo derasinen li.
Luke 8:13Gen lòt moun ki sanble tè ki gen anpil wòch la. Yo tande pawòl la, yo resevwa l' ak kè kontan; men yo pa kite l' pouse rasin, yo pa kwè l' pou lontan. Lè eprèv tonbe sou yo, yo vire do bay Bondye.
Acts 5:39Men, si sa soti nan Bondye, nou p'ap kapab kraze li. Atansyon pou se pa avèk Bondye nou gen zafè! Manm Konsèy yo tonbe dakò avèk Gamalyèl.
1 Corinthians 15:12Men sa n'ap fè nou konnen an: Kris la te leve soti vivan nan lanmò. Bon. Kouman fè gen lòt moun nan mitan nou k'ap di moun mouri yo p'ap leve ankò?
1 Timothy 1:19Kenbe konfyans ou fèm nan Bondye ak konsyans ou an repo. Gen moun ki refize koute konsyans yo. Se konsa yo pèdi konfyans yo.
1 Timothy 6:21Gen moun ki konprann yo gen konesans sa a. Ale wè atò! Se kite yo kite chemen lafwa a. Benediksyon Bondye pou ou.