2 Timothy 2:22
Pa kite lanvi ki nan kè jenn moun yo pran pye sou ou. Rete lwen yo. Men, mete tèt ou ansanm ak moun ki gen kè yo nan kondisyon pou sèvi Bondye moun k'ap rele Bondye, k'ap chache fè sa ki dwat devan l' epi k'ap chache gen konfyans, renmen ak kè poze.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Men, pa mele nan diskisyon san sans moun fou yo. Ou konnen sa toujou fini nan kont.
Cross References
1 Chronicles 29:17Mwen konnen, Bondye mwen, ou sonde kè tout moun, ou kontan ak moun ki mache dwat. Se poutèt sa, ak tout kè mwen, mwen ofri ou tout bagay sa yo. Koulye a mwen wè jan pèp ou a ki sanble isit la, kontan pou yo pote ofrann pa yo pou ou tou ak tout kè yo.
Psalms 66:18Si mwen te gen move lide nan tèt mwen, Seyè a pa ta koute sa m' t'ap di l' la.
Proverbs 6:5Degaje ou chape kò ou anba men l', tankou kabrit k'ap chape kò l' anba men kaptè, tankou zwazo k'ap bat pou l' sove nan men chasè.
Proverbs 15:8Seyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Men, sa fè l' plezi anpil lè moun k'ap mache dwat yo ap lapriyè nan pye l'.
Acts 7:59Pandan yo t'ap voye wòch sou Etyèn, Etyèn menm t'ap lapriyè, li t'ap di: Seyè Jezi, resevwa lespri mwen.
Romans 14:17Gouvènman Bondye ki wa a, se pa yon afè manje ak bwè, men se yon keksyon fè sa ki byen, viv ak kè poze ak kè kontan. Bagay sa yo, se Sentespri ki bay yo.