Akdèzapot 10:1
Nan lavil Sezare te gen yon nonm ki te rele Kònèy. Li te kaptenn yon batayon sòlda moun peyi Itali nan lame women an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 27:27Sòlda Pilat yo mennen Jezi nan kay gouvènè a. Yo sanble tout batayon sòlda yo fè wonn li.
Mark 15:16Sòlda yo mennen Jezi anndan bèl lakou a (sa vle di, nan kay kòmandan an). Yo rele tout rejiman sòlda yo vini.
John 18:3Se konsa, Jida al nan jaden an. Li te gen yon kolonn sòlda ansanm ak kèk gad avè li. Se chèf prèt yo ak gwoup farizyen yo ki te voye yo avè li. Yo tout te gen zam, yo t'ap pote fannal ak gwo chandèl tou limen.
Acts 8:40Filip menm rete konsa li wè li lavil Azòt. Apre sa, li pran mache. Nan tout ti bouk kote l' pase, li anonse bon nouvèl la jouk li rive lavil Sezare.
Acts 22:25Lè yo fin mare l' pou bat li, Pòl di ofisye ki te la a: Eske nou gen dwa bat yon sitwayen women ki pa menm pase devan yon tribinal?
Acts 23:33Rive yo rive Sezare, kavalye yo renmèt gouvènè a lèt la, epi yo renmèt Pòl nan men li.