Akdèzapot 10:42
Li ban nou lòd mache fè konnen bon nouvèl la bay pèp la, pou n' fè konnen se Jezi menm Bondye mete pou jije tout moun san wete yonn, kit yo vivan kit yo mouri deja.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 28:19Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.
Luke 24:47Y'a pran non l' pou yo mache fè konnen mesaj la nan tout peyi, kòmanse lavil Jerizalèm, pou mande tout moun pou yo tounen vin jwenn Bondye pou yo ka resevwa padon peche yo.
John 21:21Se konsa, Pyè wè l' ap vini, li mande Jezi: Seyè, e nonm sa a, kisak pral rive li?
Acts 1:8Men, lè Sentespri a va desann sou nou, n'a resevwa yon pouvwa. Lè sa a, n'a sèvi m' temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout latè.
Acts 5:20Ale kanpe nan mitan tanp lan, epi anonse pèp la tout bagay sou jan pou yo viv koulye a.
Acts 17:31Se konsa tou, li fikse yon jou lè li gen pou l' jije tout moun san patipri: li chwazi yon nonm pou sa. Li bay tout moun prèv la lè l' fè nonm sa a leve soti vivan nan lanmò.