Acts 10:9
Nan denmen, vè midi konsa, yo te nan wout toujou, men yo te prèt pou rive Jope. Menm lè sa a, Pyè moute anwo sou tèt kay la pou li al lapriyè.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Li rakonte yo tou sak te pase. Lèfini, li voye yo Jope.
10Grangou bare l', li te anvi manje. Pandan yo t'ap pare manje pou li, li fè yon vizyon:
Cross References
1 Samuel 9:25Apre sa, yo desann soti sou mòn lan, y' al lavil la. Yo ranje yon kabann pou Sayil sou teras ki anwo kay la.
Jeremiah 19:13Wi, kay lavil Jerizalèm yo ansanm ak kay wa peyi Jida yo ap tankou Tofèt. Yo p'ap ka sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye. Wi, tout kay sa yo se kote yo te moute anwo sou teras pou boule lansan pou zetwal, pou ofri diven bay lòt bondye.
Daniel 6:10Lè Danyèl vin konnen wa a te siyen lòd sa a, li al lakay li. Te gen yon chanm anwo sou teras la ak yon fennèt ki bay nan direksyon lavil Jerizalèm. Li moute, li mete ajenou devan fennèt la ki te louvri, li lapriyè Bondye l' jan li te toujou fè, twa fwa pa jou a.
Matthew 6:6Men ou menm, lè w'ap lapriyè, antre nan chanm ou. Fèmen pòt ou. Lapriyè Papa ou ki la pou kont li avè ou. Konsa, Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a, se li ki va ba ou rekonpans ou.
Matthew 24:17Moun ki va sou tèt kay yo, yo p'ap bezwen antre pran zafè yo nan kay la.
Mark 1:35Nan granmaten, byen bonè, li pa t' ankò fè klè, Jezi leve, li soti li kite lavil la, li al yon kote ki pa gen moun. La li t'ap lapriyè.