Akdèzapot 13:47
Men lòd Bondye te ban nou: Mwen mete ou pou sèvi yon limyè pou lòt nasyon yo, pou ou kapab ale toupatou sou latè, moutre ki jan tout moun ka jwenn delivrans.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 22:27(022:28) Tout nasyon va chonje sa Seyè a te fè. Toupatou sou latè yo pral tounen vin jwenn li. Moun tout peyi va adore li.
Psalms 72:7Sou reny li, ap gen jistis toupatou. Tout moun va viv byen yonn ak lòt tout tan va gen lalin pou bay limyè.
Psalms 98:2Seyè a te fè wè jan l' delivre nou. Li te fè nasyon yo konnen jan li fè lèzòm gras.
Isaiah 2:1Men mesaj Bondye te bay Ezayi, pitit Amòz la, nan vizyon li te fè sou peyi Jida ak sou lavil Jerizalèm:
Isaiah 42:1Seyè a di: -Men sèvitè m'ap soutni an! Men moun mwen chwazi a, moun ki fè m' plezi anpil la! Mwen mete lespri m' sou li. Li pral fè tout nasyon yo konnen sa ki rele jistis.
Isaiah 42:9Gade! Tou sa mwen te di k'ap rive rive vre. Mwen pral di nou lòt bagay ki gen pou rive. Mwen pral fè nou konnen sa anvan menm sa rive.