Akdèzapot 14:20
Men, lè disip yo vin sanble bò kote l', li leve kanpe, epi l' tounen antre nan lavil la. Nan denmen, li pati avèk Banabas, y' al lavil Dèb.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Acts 11:26Lè l' jwenn li, li mennen l' lavil Antiòch. Yo pase yon lanne ansanm ap fè reyinyon ak legliz la. Yo t'ap moutre anpil moun sa pou yo fè. Se nan lavil Antiòch sa a premyè fwa yo te rele disip yo kretyen.
Acts 14:6Lè Pòl ak Banabas wè sa, yo kouri met deyò, y' al nan peyi Likaoni, yo rete lavil List ak lavil Dèb ak nan vwazinaj yo.
Acts 14:28Apre sa, yo rete lontan avèk disip Antiòch yo.
Acts 16:40Lè apòt yo soti nan prizon an, yo antre lakay Lidi. Yo wè frè yo, yo ba yo kèk pawòl ankourajman, epi yo pati, y' ale.
Acts 20:9Yon jenn gason yo te rele Etich, te chita sou rebò fennèt la. Mesaj Pòl la te long. Etich kite kabicha pran l' epi l' dòmi nèt ale. Li dòmi sitèlman, li pèdi ekilib, li soti nan twazyèm etaj la li tonbe anba. Lè yo ranmase l', li te mouri frèt.
2 Corinthians 6:9Yo fè m' pase pou moun pesonn pa konnen, men tout moun konnen m' byen pwòp. Yo fè m' pase pou moun ki fin mouri, men mwen byen vivan. Yo bat mwen, men yo pa touye mwen.