Akdèzapot 15:13
Lè yo fin pale, Jak pran lapawòl, li di: Frè m' yo, koute mwen.
Bib La
In The King James Version
And after they had held their peace, James answered, saying, Men and brethren, hearken unto me:
In Context
Cross References
Acts 2:14Lè sa a, Pyè kanpe ansanm ak lòt onz apòt yo, li pale byen fò, li di foul moun yo konsa: Nou menm moun Jide ansanm ak nou tout k'ap pase kèk jou isit lavil Jerizalèm, nou fèt pou nou konnen sa. Koute sa m' pral di nou la a.
Acts 2:29Frè m' yo, pèmèt mwen pale kareman ak nou. David, zansèt nou an, mouri, yo antere l'. Tonm li la nan mitan nou jouk jòdi a.
Acts 12:17Li fè yo siy ak men l' pou yo pa pale, epi l' rakonte yo ki jan Bondye te fè l' soti nan prizon an. Li di yo ankò. Al di Jak sa pou mwen ansanm ak lòt frè yo. Epi l' soti, li al yon lòt kote.
Acts 22:1Frèm yo, grandèt mwen yo, koute sa m' pral di nou koulye a pou defann tèt mwen.
Galatians 1:19Lè sa a, mwen pa t' wè okenn nan lòt apòt yo, esepte Jak, frè Seyè a.
Galatians 2:12Lè l' te fèk rive, li t'ap manje byen pwòp ak frè ki pa jwif yo. Men, lè moun Jak te voye yo vin rive, li mete kò l' sou kote, li refize manje ak frè ki pa jwif yo, paske li te pè patizan moun sikonsi yo.