Akdèzapot 16:29
Lè chèf prizon tande sa, li mande yon chandèl, li kouri nan kacho a. Li lage kò l' atè nan pye Pòl ak Silas. Li t'ap tranble kou yon fèy bwa tèlman li te pè.
Bib La
In The King James Version
Then he called for a light, and sprang in, and came trembling, and fell down before Paul and Silas,
In Context
28Men, Pòl kriye byen fò: Pa fè tèt ou mal. Nou tout la.
30Apre sa, li fè yo soti, li mande yo: Mesye, kisa m' dwe fè pou m' delivre?
Cross References
Psalms 99:1Se Seyè a ki wa! Pèp yo ap tranble. Li chita sou fotèy li anwo zanj cheriben yo. Tout moun sou latè ap tranble!
Isaiah 60:14Pitit moun ki t'ap maltrete nou yo va vin jwenn nou tèt bese. Tout moun ki t'ap pase nou nan betiz pral ajenou nan pye nou. Y'a rele nou lavil Seyè a, Mòn Siyon ki pou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
Isaiah 66:5Koute sa Seyè a di, nou menm ki gen krentif pou li lè li pale ak nou: Paske nou pa vire do ban mwen, gen moun menm ras ak nou ki pa vle wè nou, ki derefize mele ak nou. Y'ap di konsa: Se pou Seyè a fè wè pouvwa li, paske yo ta renmen wè jan nou kontan. Men se yo menm k'ap soti wont.
Jeremiah 10:10Men ou menm Seyè, ou se Bondye tout bon an, Bondye vivan an, Wa ki la pou tout tan an. Lè ou ankòlè, tout latè pran tranble, nasyon yo pa ka sipòte.
Acts 9:5Li reponn: Ki moun ou ye, Mèt? Vwa a reponn li: Mwen se Jezi, moun w'ap pèsekite a.
Revelation 3:9Men, pou moun ki fè pati gwoup Satan an, bann mantò sa yo k'ap pran pòz jwif yo men ki pa jwif, m'ap fòse yo vin mete ajenou devan ou pou yo ka respekte ou. Se pou yo rekonèt se ou menm mwen renmen.