Akdèzapot 19:26
Men, nou wè ak je nou, nou tande ak zòrèy nou sa nonm yo rele Pòl la ap fè. L'ap mache di bondye moun fè ak men se pa bondye yo ye menm. Se konsa, li resi rive pran tèt anpil moun, pa isit nan lavil Efèz la ase, men nan tout pwovens Lazi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 115:4Zidòl pa yo, se bagay ki fèt ak ajan ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo.
Isaiah 44:10Ki moun k'ap fè pòtre yon bondye, k'ap fonn metal pou fè yon estati san li pa wè avantaj li ladan l'?
Jeremiah 10:3Relijyon moun sa yo pa vo anyen. Yo koupe yon pyebwa nan rakbwa, yo fè yon bòs atizan travay li ak sizo.
Jeremiah 10:14Lè konsa tout moun rete egare, yo pa konprann anyen. Moun k'ap fè zidòl yo wont sa yo fè a, paske bondye yo fè yo se fo bondye yo ye, yo pa gen lavi nan yo.
Acts 14:15Mezanmi, sa n'ap fè konsa? Nou se moun tankou nou tou: nou vin isit la anonse nou yon bon nouvèl: Se pou nou kite tout zidòl sa yo ki pa vo anyen pou n' vire bò kot Bondye ki vivan an. Se li menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan yo.
Acts 18:19Rive yo rive lavil Efèz, Pòl kite Prisil ak Akilas, li al nan sinagòg la, li pran diskite ak jwif yo.