Akdèzapot 19:32
Pandan tout tan sa a, te gen gwo bouyay nan asanble a. Yon pòsyon moun t'ap rele yon bagay, yon lòt pòsyon menm t'ap rele yon lòt bagay. Pifò ladan yo pa t' konnen ojis poukisa yo te sanble.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 11:7Lè patizan Jan yo al fè wout yo, Jezi pran pale ak foul la sou Jan. Li di yo konsa: Sa nou te al wè nan dezè a? Yon pye wozo van t'ap souke? Non.
Acts 19:29Dezòd la gaye nan tout lavil la. Moun yo pase men yo, yo pran Gayis ak Aristak, de moun Masedwan ki te ansanm ak Pòl nan vwayaj li a, yo kouri an foul, y' al nan teyat la.
Acts 21:34Men, nan foul moun yo, yon pati t'ap rele yon bagay, yon lòt pati t'ap rele yon lòt bagay. Sitèlman yo t'ap fè dezòd, kòmandan an pa t' kapab fin konprann sa yo t'ap di a. Lè l' wè sa, li bay lòd pou yo mennen Pòl nan kazèn lan.