Akdèzapot 2:3
Lè sa a, yo wè yon bann lang parèt tankou ti flanm dife ki separe yonn ak lòt epi ki al poze grenn pa grenn sou tèt yo chak.
Bib La
In The King James Version
And there appeared unto them cloven tongues like as of fire, and it sat upon each of them.
In Context
Cross References
Psalms 55:9(055:10) Seyè, mele yo. Fè yonn pa konprann sa lòt ap di. Paske, sa m' wè nan lavil la se chen manje chen, yonn ap goumen ak lòt.
Isaiah 11:2Lespri Bondye a pral desann sou li. L'ap ba li bon konprann ak lespri. L'ap ba li konesans ak ladrès pou l' dirije. L'ap fè l' konn Seyè a, l'ap fè l' gen krentif pou li.
Malachi 3:2Men, ki moun ki ka sipòte jou l'ap vini an? Ki moun ki va rete kanpe devan l' lè la parèt la? L'ap tankou dife yo sèvi pou fonn fè. L'ap tankou gwo savon yo sèvi pou blanchi rad.
Matthew 3:15Jezi reponn li: Kite sa fèt konsa koulye a. Se konsa pou nou fè tou sa Bondye mande. Jan pa t' kenbe tèt avè l' ankò.
John 1:32Jan di yo ankò: Mwen wè Lespri Bondye a desann sot nan syèl la tankou yon ti pijon, li rete sou tèt li.
Acts 2:4Yo tout te vin anba pouvwa Sentespri, epi yo pran pale lòt lang dapre jan Lespri Bondye a t'ap fè yo pale.