Akdèzapot 2:42
Yo pase tout tan yo ap koute sa apòt yo t'ap moutre yo, yo t'ap viv ansanm tankou frè yonn ak lòt, yo reyini pou separe pen an bay tout moun, epi yo t'ap lapriyè.
Bib La
In The King James Version
In Context
43Tout moun te gen krentif devan kantite mirak ak bèl bagay apòt yo t'ap fè.
Cross References
Mark 4:16Konsa tou, gen lòt ki resevwa grenn yo tankou tè ki gen anpil wòch la. Lè yo fèk tande pawòl la, yo resevwa l' ak kè kontan.
John 8:31Jezi di jwif ki te kwè nan li yo: Si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou se disip mwen vre.
Acts 2:46Toulejou, yo tout reyini ansanm nan tanp lan; yo te konn separe pen an bay tout moun nan kay yo, yo te manje ansanm avèk kè kontan san okenn pretansyon.
Acts 4:31Lè yo fin lapriyè, kote yo te ye a pran tranble. Yo tout te anba pouvwa Sentespri, epi yo pran anonse pawòl Bondye a avèk konviksyon.
Acts 6:4Konsa nou menm, n'a toujou bay tout tan nou pou lapriyè, ak pou fè moun konnen pawòl Bondye a.
Acts 14:22Yo t'ap bay disip yo fòs, yo t'ap ankouraje yo pou yo rete fèm nan konfyans yo. Yo t'ap di yo: Nou gen pou nou soufri anpil anvan pou n' antre nan peyi kote Bondye wa a.