Akdèzapot 2:5
Lè sa a, te gen yon bann jwif ki t'ap pase kèk jou lavil Jerizalèm. Se te moun devwe pou Bondye ki te soti nan tout peyi sou latè.
Bib La
In The King James Version
And there were dwelling at Jerusalem Jews, devout men, out of every nation under heaven.
In Context
Cross References
Exodus 23:16Apre sa, n'a fete fèt Premye Rekòt la lè nou fèk konmanse rekòlte grenn nou simen nan jaden nou yo. N'a fete fèt Dènye Rekòt la menm vè fen lanne a, lè n'ap fin rekòlte tou sa ki nan jaden nou yo.
Isaiah 66:18Mwen konnen sa y'ap fè, mwen konnen sa ki nan lide yo. Mwen menm, m'ap vin sanble pèp tout nasyon yo, pèp ki pale tout kalite lang sou latè. Y'a vini, y'a wè bèl pouvwa mwen.
Matthew 24:14Fòk yo gen tan mache bay bon nouvèl Peyi kote Bondye Wa a toupatou sou latè, pou tout moun ka tande mesaj la. Se lè sa a atò lafen an va rive.
Luke 17:24Lè yon kout zèklè fè yan, li klere syèl la byen klere depi yon bout jouk nan lòt bout la, pa vre. Se va menm jan an tou pou Moun Bondye voye nan lachè a, lè jou l' va rive.
John 12:20Te gen kèk moun peyi Lagrès nan moun ki te vin Jerizalèm pou adore pandan fèt la.
Acts 8:2Kèk moun ki renmen Bondye te antere Etyèn, yo te kriye anpil pou li.