Akdèzapot 20:16
Pòl te deside pase devan Efèz san rete pou l' pa t' pèdi twòp tan nan pwovens Lazi a. Li t'ap prese, li te vle wè si l' te kapab rive Jerizalèm pou jou Lapannkòt la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Acts 2:1Lè jou Lapannkòt la rive, yo tout te reyini ansanm menm kote a.
Acts 18:19Rive yo rive lavil Efèz, Pòl kite Prisil ak Akilas, li al nan sinagòg la, li pran diskite ak jwif yo.
Acts 19:21Apre bagay sa yo fin pase, Pòl fè lide pase nan Masedwan ak Lakayi, apre sa pou li al Jerizalèm. Li t'ap di: Apre mwen soti la, se pou m' al wè lavil Wòm tou.
Acts 20:13Nou pran devan, n' al anbake sou yon batiman ki mennen nou Asòs. Se la pou Pòl te vin anbake tou. Se li menm ki te vle l' konsa, li te fè lide ale Asòs apye.
Acts 21:4Nou jwenn kèk disip, nou pase sèt jou avèk yo. Lespri Bondye a te avèti yo pou yo te di Pòl pa moute Jerizalèm.
Romans 15:24Mwen ta renmen fè sa lè mapral an Espay lan. Wi, mwen gen espwa pase wè nou pou nou kapab ede m' ale nan peyi sa a, apre m'a fin pase kèk bon moman nan mitan nou.