Acts 20:21
Mwen avèti tout moun, jwif kou moun lòt nasyon yo, pou yo chanje lavi yo, tounen vin jwenn Bondye, pou yo mete konfyans yo nan Seyè Jezi.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Koulye a mwen pral Jerizalèm. Se Sentespri k'ap pouse m' ale. Mwen pa konnen sak pral rive m' la a.
Cross References
Ezekiel 18:30Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la ap di moun peyi Izrayèl yo: M'ap jije chak moun dapre sa yo fè. Tounen vin jwenn mwen, sispann fè sa ki mal, pa kite peche nou yo lakòz nou mouri.
Matthew 4:17Depi lè sa a, Jezi kòmanse ap mache bay mesaj li a. Li t'ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li.
Mark 1:15Li t'ap di yo konsa: -Jou a rive. Koulye a, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li. Tounen vin jwenn Bondye. Asepte Bon Nouvèl la.
Luke 13:3Mwen di nou: Non. Men, si nou menm nou pa tounen vin jwenn Bondye, nou tout n'ap peri menm jan an tou.
Luke 15:7Konsa tou, m'ap di nou, va gen plis kontantman nan syèl la pou yon sèl moun ki t'ap fè sa ki mal epi ki tounen vin jwenn Bondye, pase pou katrevendisnèf moun k'ap mache dwat, ki pa bezwen tounen vin jwenn Bondye.
Luke 24:47Y'a pran non l' pou yo mache fè konnen mesaj la nan tout peyi, kòmanse lavil Jerizalèm, pou mande tout moun pou yo tounen vin jwenn Bondye pou yo ka resevwa padon peche yo.