Akdèzapot 23:35
Lè moun k'ap akize ou yo va vini, m'a tande sa ou gen pou di. Epi li bay lòd pou yo mete Pòl sou bon gad nan gwo palè Ewòd la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 2:1Jezi te fèt lavil Betleyèm nan peyi Jide, sou tan wa Ewòd. Apre li te fèt, kèk nèg save ki konn etidye zetwal yo soti nan peyi solèy leve, yo rive lavil Jerizalèm.
Matthew 2:16Lè Ewòd wè nèg save yo te pase l' nan jwèt, li fè yon gwo kòlè. Li bay lòd touye tout ti pitit gason ki te nan lavil Betleyèm ak nan tout vwazinaj la, depi sa ki te fèk fèt jouk sa ki te gen dezan, dapre dat nèg save yo te ba li a.
John 18:28Apre sa, soti kay Kayif, yo mennen Jezi nan palè Gouvènè a. Se te granmtimaten. Men, jwif yo pa t' antre nan palè a. Yo pa t' vle mete tèt yo nan kondisyon pou yo pa ka fè sèvis Bondye yo. Sa ta ka anpeche yo manje manje Delivrans lan.
Acts 24:1Apre senk jou, Ananyas, granprèt la, rive Sezare ak yon avoka yo rele Tètilis ansanm ak kèk chèf fanmi. Yo parèt devan gouvènè a; yo te vin pote plent pou Pòl.
Acts 24:19Men, te gen kèk jwif ki te soti nan pwovens Lazi, se yo menm ki te dwe la devan ou pou akize m', si yo te gen kichòy kont mwen.
Acts 24:24Kèk jou apre sa, Feliks vini avèk Drisil, madanm li, ki te yon jwif. Li voye rele Pòl, li te vle tande sa Pòl te gen pou l' di sou konfyans nan Jezikri a.