Acts 23:9
Moun yo t'ap rele pi fò toujou. Kèk dirèktè lalwa, ki te patizan farizyen yo, leve kanpe, yo antre nan yon diskisyon byen cho, yo t'ap di: Nou pa jwenn anyen ki mal nan nonm sa a. Se dwe yon zanj Bondye osinon yon lespri ki pale avè li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 24:17Li di David konsa: -Ou gen rezon. Se mwen ki antò! Ou te aji byen avè m'. Se mwen menm ki te aji mal avè ou.
Mark 2:16Kèk direktè lalwa ki te fè pati bann farizyen yo wè Jezi ap manje ak pèseptè kontribisyon yo ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal yo. Yo mande disip li yo: -Poukisa l'ap manje ak pèseptè kontribisyon ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal yo?
Luke 23:4Pilat di chèf prèt yo ak foul moun yo: Mwen pa wè ankenn rezon pou m' kondannen nonm sa a.
Luke 23:22Yon twazyèm fwa ankò, Pilat di yo: Manyè di m' ki move zak li fè konsa? Mwen menm, mwen pa jwenn anyen nan nonm sa a ki merite lanmò. Mwen pa di nou mwen pral fè bat li byen bat, apre sa m'a lage li?
Acts 5:39Men, si sa soti nan Bondye, nou p'ap kapab kraze li. Atansyon pou se pa avèk Bondye nou gen zafè! Manm Konsèy yo tonbe dakò avèk Gamalyèl.
Acts 11:17Konsa, Bondye te bay moun sa yo menm kado li te ban nou an lè n' te mete konfyans nou nan Seyè Jezikri. Kisa m' te ye menm pou m' te fè tèt ak Bondye?