Akdèzapot 24:10
Gouvènè a fè Pòl siy pou l' pale. Pòl di: Mwen konnen w'ap fè jistis nan peyi a depi lontan. Se ak kè poze mwen vin plede kòz mwen devan ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Tout jwif yo te dakò avèk li, yo t'ap di se konsa bagay la te ye vre.
Cross References
Luke 12:14Jezi reponn li: Zanmi mwen, ki moun ki mete m' pou jije afè nou osinon pou fè pataj pou nou?
Acts 12:17Li fè yo siy ak men l' pou yo pa pale, epi l' rakonte yo ki jan Bondye te fè l' soti nan prizon an. Li di yo ankò. Al di Jak sa pou mwen ansanm ak lòt frè yo. Epi l' soti, li al yon lòt kote.
Acts 18:15Men, si se yon bann diskisyon sou mo, sou non, sou lalwa jwif yo, sa se zafè ki gade nou. Mwen p'ap antre nan bagay konsa pou m' mete rezon.
Acts 21:40Kòmandan an ba l' pèmisyon. Lè sa a, Pòl kanpe sou eskalye a, li fè pèp la yon siy avèk men li. Lè yo sispann fè bri, Pòl pale ak yo nan lang ebre. Li di yo konsa:
Acts 26:1Agripa di Pòl: Ou mèt pale pou defann tèt ou. Lè sa a, Pòl lonje men l', epi li fè defans li konsa: