Akdèzapot 25:5
Si Pòl fè kichòy ki mal, se pou chèf nou yo desann ansanm avè m', y'a akize l' laba a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 24:11Gade, papa mwen! Men yon moso ke rad ou nan men m'! Mwen koupe moso ke rad ou, men mwen pa t' touye ou. Koulye a ou konnen, ou wè mwen pa gen anyen dèyè tèt mwen, mwen pa gen ankenn lide mechanste nan tèt mwen. Mwen pa fè ou anyen ki mal. Se ou menm k'ap chache touye m'.
John 18:29Se poutèt sa, Pilat, gouvènè a, te blije soti vin jwenn yo deyò a. Li mande yo: Kisa nou di nonm sa a fè?
Acts 23:30Lè m' vin konnen jwif yo t'ap fè konplo pou touye l', mwen pran desizyon voye l' ba ou. Epi mwen mande moun ki t'ap akize l' yo pou yo vin pote plent pou li devan ou.
Acts 25:16Mwen reponn yo: Se pa koutim moun lavil Wòm yo pou yo renmèt yon akize bay lènmi l' konsa san yo pa mete l' fasafas ak moun k'ap akize l' yo anvan. Se pou l' gen chans defann tèt li tou anba akizasyon yo.
Acts 25:25Mwen menm, pou tèt pa m', mwen wè li pa fè anyen ki merite lanmò. Men, li menm li mande pou Seza tande kòz li. Se poutèt sa, mwen pran desizyon voye l' bay Seza.