Akdèzapot 26:7
Se menm pwomès sa a douz branch fanmi nou yo ap tann lè y'ap sèvi Bondye san rete, lajounen kou lannwit. Se pou menm pwomès sa a jwif yo ap akize mwen, monwa.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Koulye a, yo rele m' an jijman paske m'ap tann pwomès Bondye te fè zansèt nou yo.
8Poukisa, nou menm jwif, nou pa kwè Bondye ka leve moun mouri?
Cross References
Ezra 6:17Yo ofri san (0100) towo, desan (0200) belye mouton, katsan (0400) ti mouton pou yo touye pou mete tanp lan apa pou sèvis Bondye. Yo ofri tou douz bouk kabrit, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, pou mande Bondye padon pou peche pèp la.
Psalms 134:1Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nou tout k'ap sèvi Seyè a, nou tout k'ap pase nwit lakay li ap sèvi l', ann fè lwanj Seyè a!
Matthew 19:28Jezi reponn yo: Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Lè Moun Bondye voye nan lachè a va chita sou fòtèy li ak tout bèl pouvwa li, lè tout bagay va chanje nèt, nou menm k'ap swiv mwen, n'a chita sou douz fòtèy tou, pou nou ka jije douz branch ras Izrayèl la.
Luke 2:36Te gen yon fanm ki te pwofèt la a tou. Li te rele An, pitit fi Fanwèl, nan branch fanmi Asè. Li te fin vye granmoun. Li te viv sètan avèk nonm li te marye depi l' te jennfi a.
Luke 22:30N'a manje, n'a bwè sou tab ansanm avè m' sou govènman mwen an. M'a mete nou chita sou bèl fotèy pou nou jije douz branch fanmi Izrayèl la.
Acts 26:2Se pa ti kontan mwen kontan, wa Agripa, pou m' defann tèt mwen devan ou jòdi a anba tout bagay jwif yo ap plede akize mwen.