Akdèzapot 7:36
Se Moyiz ki fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip, avèk tout mirak ak tout bèl bagay li te fè nan peyi a bò lanmè Wouj la ak nan dezè a pandan karantan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 7:1Seyè a di Moyiz konsa: -Gade! Mwen pral fè ou tounen Bondye pou farawon an. Arawon, frè ou la, pral pale avè l' pou ou tankou yon pwofèt.
Exodus 14:21Moyiz lonje men l' sou lanmè a. Seyè a fè yon gwo van nòde soufle byen fò pandan tout lannwit lan sou lanmè a. Li fè fon lanmè a tounen tè sèk, dlo a fann de bò.
Exodus 15:23Yo rive yon kote ki rele Mara. Men, yo pa t' kapab bwè dlo ki te la a, paske li te twò anmè. Se poutèt sa yo rele kote a Mara.
Exodus 16:35Moun pèp Izrayèl yo pase karantan ap manje laman, jouk jou yo rive nan yon peyi kote yo jwenn moun rete. Kifè yo manje laman jouk yo rive sou fwontyè peyi Kanaran.
Exodus 33:1Seyè a di Moyiz: -Leve non, ou menm ak tout pèp ou te fè soti kite Lejip la. Kite kote nou ye a. Pran chemen pou n' ale nan peyi mwen te sèmante bay Abraram, Izarak ak Jakòb la, lè m' te di yo m'ap ba yo tè sa a pou pitit pitit yo.
Numbers 11:1Pèp la te konmanse ap plenyen nan zòrèy Seyè a jan zafè yo pa t' bon. Lè Seyè a tande sa, li fè yon sèl kòlè, li voye dife sou pèp la. Dife a pran nan mitan yo, li boule yon bò nan kan an nèt.