Acts 8:1
Sòl menm te dakò pou yo te touye Etyèn. Menm jou sa a, yo kòmanse pèsekite legliz Jerizalèm lan anpil. Tout disip yo gaye kò yo nan peyi Jide ak nan peyi Samari. Se apòt yo sèlman ki te rete Jerizalèm.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Kèk moun ki renmen Bondye te antere Etyèn, yo te kriye anpil pou li.
Cross References
Exodus 10:28Farawon an di Moyiz konsa: -Wete kò ou devan m'. Gade! Pa janm parèt devan m' ankò, paske jou ou ta parèt devan m' ankò, m'ap disparèt ou.
Daniel 3:16Chadrak, Mechak ak Abèdnego reponn, yo di wa Nèbikadneza konsa: -Monwa, nou p'ap eseye defann tèt nou.
Daniel 6:23Wa a te kontan anpil. Li bay lòd pou yo rale Danyèl soti nan twou a mete l' deyò. Lè yo rale msye soti, yo wè lyon yo pa t' grafiyen l' menm, paske li te mete konfyans li nan Bondye l'.
Matthew 10:25Si yon elèv rive fò tankou mèt li, sa kont pou li; si yon domestik rive tankou patwon li, sa kont pou li. Si yo rele mèt kay la Bèlzeboul, se pa lòt moun nan kay la yo p'ap bay pi move non toujou!
Matthew 23:34Se poutèt sa, men sa ki genyen: mwen pral voye pwofèt, moun ki gen bon konprann ak dirèktè lalwa ban nou. Nou pral touye kèk, gen ladan yo n'ap kloure sou kwa, gen ladan yo n'ap bat ak fwèt nan sinagòg nou yo, n'ap pousib yo soti yon lavil al nan yon lòt.
John 4:39Anpil moun Samari ki te rete nan Sika te kwè nan Jezi poutèt sa madanm lan te di yo: Li di m' tou sa m' fè.