Akdèzapot 8:25
Lè Pyè ak Jan fin rann temwayaj sa a, lè yo fin bay mesaj Bondye a, yo tounen lavil Jerizalèm. Sou tout wout la, yo t'ap bay bon nouvèl la nan anpil bouk peyi Samari.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Luke 9:52Li voye kèk mesaje devan. Yo pati. Yo antre nan yon bouk peyi Samari pou pare yon kote pou Jezi desann.
Acts 1:8Men, lè Sentespri a va desann sou nou, n'a resevwa yon pouvwa. Lè sa a, n'a sèvi m' temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout latè.
Acts 18:5Men, lè Silas ak Timote rive soti Masedwan, Pòl te bay tout tan l' pou travay predikasyon an sèlman: li t'ap bay jwif yo tout kalite prèv pou moutre yo Jezi se Kris yo t'ap tann lan.
Acts 26:22Mentou, Bondye toujou pwoteje m' jouk jòdi a. Mwen la toujou pou m' sèvi l' temwen devan tout moun, grannèg kou malere. Sa ou wè m'ap di la a, se sa menm pwofèt yo ansanm ak Moyiz te di gen pou rive.
Acts 28:28Apre sa, Pòl di yo: Koulye a, nou fèt pou nou konnen Bondye fè moun lòt nasyon yo konnen l'ap delivre yo tou. Yo menm, y'ap tande li.
1 Peter 5:12Se avèk konkou frè Silven, yon nonm serye dapre sa mwen konnen, m'ap ekri nou lèt sa a, pou m' ka ankouraje nou, pou m' fè nou konnen jan favè Bondye pou nou an se yon bagay ki vre. Kenbe fèm nan li.