Akdèzapot 8:3
Sòl menm te soti pou l' fini ak legliz la. Li mache kay an kay, li trennen tout moun ki kwè yo rache yo met deyò pa fòs, li fè fèmen fanm kou gason nan prizon.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Kèk moun ki renmen Bondye te antere Etyèn, yo te kriye anpil pou li.
4Disip ki te gaye nan peyi a t'ap anonse bon nouvèl la toupatou.
Cross References
Acts 9:1Men Sòl, bò pa li, pa t' sispann menase touye disip Seyè yo. li al jwenn granprèt la.
Acts 22:3Se jwif mwen ye. Mwen fèt lavil Tas nan peyi Silisi. Men, se isit lavil Jerizalèm mwen grandi. Se Gamalyèl ki te pwofesè mwen. Se li menm ki te moutre m' tout ti detay nan Lalwa zansèt nou yo. Mwen menm tou, yon lè mwen te gen zèl nou gen koulye a pou Bondye.
Acts 26:9Mwen menm tou, yon lè, mwen te kwè se pou m' te fè sa m' kapab pou disparèt non Jezi, moun Nazarèt la.
Galatians 1:13Nou tande pale sa m' te konn fè nan tan lontan, lè m' te nan relijyon jwif yo. Nou konnen jan m' te san pitye lè m' t'ap pèsekite legliz Bondye a, jan m' t'ap chache kraze li.
1 Timothy 1:13atout nan tan lontan mwen te konn pale l' mal, mwen te pèsekite l', mwen te joure li. Men, se Bondye menm ki te gen pitye pou mwen, paske lè sa a mwen pa t' gen konfyans nan li. Konsa, mwen pa t' konnen sa m' t'ap fè.