Amos 1:11
Seyè a di konsa: Moun lavil Edon yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo kouri dèyè frè yo ak nepe pou yo touye yo. Yo san pitye pou yo. Kòlè yo pa gen limit. Yo toujou kenbe yo nan kè yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Se poutèt sa, m'ap voye dife sou miray lavil Tir. L'ap boule gwo kay li yo ra tè.
12Se poutèt sa, m'ap voye dife nan lavil Teman. L'a boule gwo kay lavil Bozra yo ra tè.
Cross References
Genesis 27:41Ezaou te rayi Jakòb poutèt papa a te ba li benediksyon ki te pou li a. Li di nan kè l': Papa m' pa lwen mouri. Fini yo fini antere l', m'ap touye Jakòb, frè mwen an.
Numbers 20:20Men, wa Edon an voye di yo ankò: -Non! Nou p'ap pase menm! Epi li soti avèk yon gwo lame ak yon bann lòt moun, yo mache kontre moun pèp Izrayèl yo.
Deuteronomy 23:7Pa meprize moun Edon yo. Se moun menm ras avè nou yo ye. Pa meprize moun peyi Lejip yo non plis, paske yon lè se nan peyi yo nou te rete.
2 Chronicles 20:11Gade ki jan y'ap fè nou peye sa jòdi a! Men y'ap vin mete nou deyò nan peyi ou te ban nou an!
Psalms 83:3(083:4) Y'ap fè konplo an kachèt sou do pèp ou a, y'ap mete tèt yo ansanm sou do moun w'ap pwoteje yo.
Psalms 137:7Seyè, chonje sa moun peyi Edon yo te fè jou yo te pran lavil Jerizalèm. Chonje jan yo t'ap di: Kraze l'! Kraze l' ratè!