Amos 7:9
Mwen pral kraze tout kote pitit pitit Izarak yo te konn adore m' sou mòn yo. Mwen pral fè tout kay pitit pitit Izrayèl yo te mete apa pou mwen yo tounen mazi. M'ap fè lagè ak fanmi Jewoboram lan, m'ap wete gouvènman an nan men yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 26:23Izarak pati, li moute Bècheba.
Leviticus 26:30M'a detwi tout kay nou bati sou tèt mòn pou fè sèvis, m'a kraze lotèl lansan nou yo mete atè, m'a anpile kadav nou yo atè sou moso estati vye zidòl nou yo. N'a ban m' degoutans.
2 Kings 15:8Wa Azarya te gen tranntwitan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Zakari, pitit Jewoboram, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan sis mwa.
Isaiah 63:18Nou poko chita, lènmi nou yo te gen tan pran peyi a nan men nou, yo derespekte tanp ou a.
Hosea 10:8Yo gen pou yo fè disparèt tout kote pèp Izrayèl la te konn adore zidòl sou mòn Betavenn yo. Pikan ak raje ap pouse sou lotèl yo. Moun yo va rele, y'a mande mòn yo pou tonbe sou yo, y'a mande ti mòn yo pou kache yo.
Amos 5:5Pa al chache m' lavil Betèl. Pa ale lavil Gilgal. Pa moute ale bò Bècheba al fè sèvis. Betèl pa la pou lontan. Yo gen pou yo depòte moun Gilgal yo voye yo nan peyi etranje.