Colossians 1:17
Kris la te la anvan tout bagay. Se nan li yo tout jwenn plas yo.
Bib La
In The King James Version
And he is before all things, and by him all things consist.
In Context
Cross References
Psalms 75:3(075:4) Nou te mèt wè latè a ansanm ak tout sa k'ap viv sou li yo pran tranble, m'ap kenbe fondasyon li yo byen fèm.
Isaiah 43:11Se mwen menm sèl ki Granmèt la, Seyè a. Pa gen lòt ki ka delivre nou pase mwen menm!
Micah 5:2Seyè a di ankò: Men ou menm, lavil Betleyèm, Efrata, ou se yonn nan pi piti nan tout lavil peyi Jida yo, se vre! Men, se nan mitan ou m'ap fè soti pou mwen yon chèf pou pèp Izrayèl la, yon chèf k'ap soti nan yon fanmi ki la depi lontan lontan.
John 5:17Men, Jezi reponn yo: Se tout tan Papa m' ap travay. Mwen menm tou, m'ap travay.
John 17:5Koulye a, Papa, ban mwen bèl pouvwa devan je ou, menm pouvwa mwen te genyen lè m' te avè ou la depi anvan ou te kreye tout bagay.
1 Corinthians 8:6pou nou menm, se yon sèl Bondye a ki genyen: se Papa a ki kreye tout bagay epi se pou li n'ap viv. Pou nou menm, se yon sèl Mèt ki genyen: se Jezikri, se nan li tout bagay soti, se li k'ap fè nou viv tou.