Colossians 1:19
Se Bondye menm ki te vle pou tou sa l' ye a, se sa pou Kris la ye tou.
Bib La
In The King James Version
For it pleased the Father that in him should all fulness dwell;
In Context
Cross References
Matthew 11:25Lè sa a, Jezi di: O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo.
John 1:16Nou tout nou resevwa pa nou nan tout kantite byen l' yo. Li ban nou favè sou favè.
Ephesians 1:3Lwanj pou Bondye, Papa Jezikri, Seyè nou an. Se li menm ki beni nou nan lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la. Li ban nou tout kalite benediksyon pou nou ka viv dapre egzijans Lespri Bondye nan syèl la.
Ephesians 1:23Legliz la se kò Kris la, li konplete Kris la. Kris la menm, avèk pouvwa li, li konplete tout bagay ki toupatou.
Colossians 2:3Se nan li tout richès ki nan bon konprann ak konesans Bondye a kache.
Colossians 3:11Se sak fè, pa gen moun ki jwif ak moun ki pa jwif ankò, pa gen moun ki sikonsi ak moun ki pa sikonsi ankò, pa gen moun ki etranje, ni moun ki bèt, pa gen moun ki esklav ak moun ki pa esklav. Se Kris la ki tout, se li ki nan nou tout.