Colossians 1:24
Koulye a, mwen kontan anpil dèske m'ap soufri pou nou. Paske, lè m'ap soufri nan kò pa m' konsa, m'ap bay pòsyon pa m' pou konplete tou sa ki manke nan soufrans Kris la pou legliz la ki kò li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Mark 10:39Yo di li: -Nou kapab. Jezi reponn yo: -Se vre. n'a bwè nan menm gode mwen pral bwè a, epi n'a resevwa menm batèm mwen pral resevwa a.
Romans 5:3Nou pa manke kontan menm lè n'ap soufri.
2 Corinthians 4:8Mwen jwenn tout kalite fikilte; men, mwen pa janm kwense nèt. Mwen konn rive nan sitiyasyon mwen pa konn ni sa pou m' fè, ni sa pou m' di. Men, mwen pa janm pèdi espwa.
2 Corinthians 11:23Eske yo se moun k'ap sèvi Kris la? (M'ap pale koulye a tankou moun ki deraye nèt.) Mwen sèvi Kris la plis pase yo: mwen travay pase yo, yo mete m' nan prizon pi plis pase yo, yo bat mwen pi plis pase yo, mwen manke mouri pi souvan pase yo.
Ephesians 3:1Se poutèt sa, mwen menm Pòl ki nan prizon poutèt Kris la pou byen nou, nou menm ki pa jwif, m'ap lapriyè pou nou devan Bondye.
Philippians 2:17Menm si mwen dwe ofri lavi m', menm si san m' ta gen pou l' koule pou wouze ofrann n'ap fè pou Bondye paske nou gen konfyans nan li a, m'ap kontan anpil, epi m'ap fè kè nou tout kontan ansanm avè mwen.