Colossians 3:22
Nou menm domestik, obeyi mèt nou gen sou latè a nan tout bagay. Se pa sèlman lè nou anba je yo pou nou obeyi yo, tankou moun k'ap fè lèzòm plezi. Men, se pou n' obeyi yo ak tout kè nou, akòz respè nou gen pou Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
21Nou menm papa ak manman, pa rele sou timoun yo twòp pou sa pa dekouraje yo.
Cross References
Nehemiah 5:9Mwen di yo ankò: -Sa n'ap fè la a pa bon, tande! Se pou n' mache avèk krentif pou Bondye, pou nou pa bay moun lòt nasyon yo, lènmi nou yo, okazyon pase nou nan betiz.
Psalms 123:2Menm jan domestik la ap gade sou mèt li, menm jan sèvant la ap gade sou metrès li, se konsa m'ap gade sou Seyè a, Bondye nou an, jouk l'a gen pitye pou nou.
Ecclesiastes 8:12Yon moun k'ap fè sa ki mal gen dwa fè san (0100) krim, yonn sou lòt, epi l'ap toujou mache sou moun. Men, mwen konnen yo di tou: Si ou gen krentif pou Bondye, w'ap viv ak kè kontan, paske ou respekte Bondye.
Malachi 1:6Seyè ki gen tout pouvwa a ap pale ak nou koulye a, nou menm prèt yo ki pa respekte l'. Li di nou konsa: Yon pitit fèt pou l' respekte papa l'. Yon domestik fèt pou l' gen krentif pou mèt li. Mwen se papa nou. Poukisa nou pa respekte m'? Mwen se mèt nou. Poukisa nou pa gen krentif pou mwen? Epi nou gen kouraj pou nou di: Ki jan nou derespekte ou la?
Matthew 8:9Mwen menm k'ap pale avè ou la a, mwen sou zòd chèf, mwen gen sòlda sou zòd mwen tou. Lè m' di yonn ale, li ale. Lè m' di yon lòt vini, li vini. Lè m' di domestik mwen an fè sa, li fè li.
Luke 7:8Mwen menm, mwen sou zòd chèf, mwen gen sòlda sou zòd mwen tou. Lè m' di yonn: Ale! li ale. Lè m' di yon lòt: Vini! li vini. Lè m' di domestik mwen an: Fè sa! li fè li.