Colossians 3:5
Se poutèt sa, se pou nou detwi nan nou tou sa ki soti nan lemonn tankou: imoralite, malpwòpte, move dezi, move lanvi, renmen lajan (ki menm jan ak sèvi zidòl).
Bib La
In The King James Version
In Context
6Se tout bagay sa yo ki fè kòlè Bondye tonbe sou moun ki derefize obeyi li.
Cross References
Exodus 37:22Boujon yo ak branch yo te fè yon sèl pyès ak pye lanp sèt branch lan. Se yon sèl moso lò yo bat pou fè tout.
Mark 7:21Se nan kè yon moun, se anndan li tout move lide soti: lide fè ou fè tout move bagay, li fè ou vòlè, li fè ou touye moun;
Romans 1:29Men sèl lide ki nan tèt yo: se fè tout kalite lenjistis, tout kalite mechanste, se anvi sò moun, se fè rayisab. Se sa sèlman ki nan kè yo: fè jalouzi, touye moun, chache moun kont, fè riz, fè koken. Yo tripòt konsa.
Romans 6:13Pa lage okenn pati nan kò nou nan peche, pou peche a pa sèvi avè l' pou fè sa ki mal. Okontrè, tankou moun ki delivre anba lanmò epi k'ap viv, ann lage kò nou nan men Bondye. Wi, mete tout pati nan kò nou nan men Bondye pou l' ka sèvi ak yo pou fè sa ki byen.
Romans 7:7Nan kondisyon sa a, kisa n'a di? Eske lalwa se peche? Non, wete sa nan tèt ou. Men, se lalwa a ki fè m' konnen sa peche ye. Se konsa mwen pa ta janm konnen kisa ki rele gen lanvi, si lalwa pa t' di m': Piga ou janm pote lanvi sou sak pa pou nou.
Romans 8:13Si n'ap viv dapre egzijans kò a, n'a mouri. Men, si okontrè, pa pouvwa Lespri Bondye n'ap swiv la, nou fè egzijans kò a mouri, n'a viv.