Colossians 4:7
Frè Tichik se yon bon zanmi m', yon bon sèvitè Kris la k'ap ban m' yon bon konkou nan sèvis Seyè a. La ban nou tout nouvèl mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Mwen voye l' ban nou tout espre pou l' ka di nou jan mwen ye, pou l' ka remoute kouraj nou.
Cross References
1 Corinthians 4:1Se poutèt sa, nou menm moun Korent, se pou nou rekonèt se sèvitè Kris la mwen ye, tankou yon jeran Bondye mete reskonsab plan travay li yo ki te kache.
Philippians 2:25Konsa tou, nou chonje Epafwodit, frè nou an, ki te travay ansanm avè m', ki te la avè m' nan tout batay. Se nou menm ki te voye l' vin ban m' konkou. Enben, mwen wè se nesesè pou m' voye l' tounen ban nou.
Colossians 4:12Epafras, ki moun Kolòs tou, voye bonjou pou nou. Sèvitè Kris sa a pa manke lapriyè anpil pou nou pou nou ka rete fèm, pou nou ka fin grandi nèt nan konfyans nou nan Bondye, pou nou ka toujou byen dispoze pou fè tou sa Bondye mande nou.
Titus 3:12Lè m'a voye Atemas osinon Tichik ba ou, fè posib ou pou ou vin jwenn mwen lavil Nikopolis, paske se la mwen fè lide pase sezon fredi a.