Daniel 10:7
Se mwen menm sèlman ki te wè vizyon an. Lòt moun ki te avè m' yo pa t' wè anyen. Men yo te pè, yo te kouri al kache.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 6:17Lèfini, Elize lapriyè Seyè a, li di: —Seyè, tanpri louvri je l' pou l' wè! Seyè a louvri je domestik la. Domestik la wè tout mòn lan te kouvri ak flanm dife an fòm kavalye ak cha lagè bò kote Elize.
Jeremiah 23:24Pa gen kote yon moun ka al kache pou m' pa wè l'. Nou pa konnen mwen toupatou nan syèl la ak sou latè a? Se Seyè a menm ki di sa.
Acts 9:7Moun ki t'ap vwayaje ansanm ak Sòl yo te rete san di yon mo: yo te tande vwa a byen klè, men yo pa t' wè pesonn.
Hebrews 12:21Moyiz menm, sa l' te wè devan je l' yo se te bagay terib. Se poutèt sa li te di: M'ap tranble kou fèy bwa tèlman mwen pè.