Daniel 11:24
San bay ankenn avètisman, l'ap anvayi yon pwovens ki rich anpil, l'ap fè bagay ni papa l', ni pesonn nan zansèt li yo pa t' janm fè. Lèfini, l'ap pran tout byen, tout richès li te piye lakay moun yo, l'ap separe yo bay moun pa l' yo. L'ap fè plan pou l' atake gwo fò yo, men li p'ap gen tan fè sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Nehemiah 9:25Pèp ou a mache pran tout lavil ki te gen gwo fò pou defann yo, ak tout bon venn tè moun yo. Yo pran tout kay yo ansanm ak tout byen ki te ladan yo. Yo jwenn sitèn tou fouye, jaden rezen, jaden oliv ak pyebwa k'ap donnen an kantite. Yo manje, yo plen vant yo, yo vin gra. Yo pran plezi jwi tout kantite bèl bagay ou te ba yo.
Proverbs 19:6Anpil moun ap achte figi grannèg. Tout moun vle zanmi moun k'ap bay favè.
Ezekiel 38:10Men sa Seyè sèl Mèt la voye di Gòg: Lè jou sa a va rive, lespri ou pral pran travay, ou pral fè move lide nan tèt ou.
Matthew 9:4Men, Jezi te gen tan konnen sa ki t'ap pase nan tèt yo. Li di yo: Poukisa n'ap fè move lide konsa nan tèt nou?