Daniel 12:6
Yonn ladan yo pale ak zanj ki te pi wo a, nan direksyon tèt dlo a, zanj ki te gen rad swa sou li a, li mande l': -Konbe tan ankò anvan pou gwo bagay sa yo rive?
Bib La
In The King James Version
In Context
5Mwen gade, mwen wè de lòt moun ki te kanpe bò larivyè a, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch.
Cross References
Ezekiel 9:2Lamenm, sis gason parèt nan pòtay ki bay sou nò nan lakou tanp lan. Yo chak te gen yon zam nan men yo. Nan mitan yo te gen yon nonm ak yon rad twal fin tou blan sou li. Li te gen yon poban lank mare nan ren l'. Yo antre, yo kanpe bò lotèl an kwiv la.
Daniel 8:16Mwen tande yon vwa moun ki soti lòt bò larivyè Oulayi a ki t'ap di: -Gabriyèl! Esplike nonm sa a vizyon an non!
Zechariah 1:12Lè sa a, zanj Seyè a pran lapawòl, epi li di: -Seyè ki gen tout pouvwa, sa fè swasanndizan depi ou ankòlè sou lavil Jerizalèm ak sou lavil Jida yo. Kilè w'a resi gen pitye pou yo?
1 Peter 1:12Se konsa, Bondye fè yo konnen sèvis yo t'ap fè lè yo te bay mesaj la, se pa t' pou yo, men pou nou. Gremesi moun k'ap anonse nou bon nouvèl la, avèk pouvwa Sentespri ki soti nan syèl la, nou konnen bagay sa yo koulye a, bagay ata zanj yo ta renmen konprann.
Revelation 10:2Li te kenbe yon ti liv louvri nan men li. Li mete pie dwat li sou lanmè, pie gòch li sou tè fèm.
Revelation 19:14Lame ki nan sièl la t'ap swiv li. Yo tout te moute sou chwal blan, yo te abiye ak bèl rad twal fen, byen klere, byen pwòp.