Daniel 2:9
si nou pa rakonte m' rèv la, m'ap fè nou tout pase menm jan an. Nou mete tèt ansanm pou nou ban m' manti, paske nou kwè yon lè sa va chanje. Se nou ki pou rakonte m' rèv mwen te fè a. Lè sa a, m'a konnen nou ka di m' sa rèv la vle di.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Wa a di: -Mwen sèten nou soti pou n' fè lè, paske nou konnen mwen fin deside
Cross References
1 Kings 22:22Seyè a mande l': Ki jan? Lespri a reponn: Mwen pral mete pawòl manti nan bouch pwofèt Akab yo. Seyè a di l': W'a pran tèt li vre konsa. Ou mèt al fè jan ou di a.
Proverbs 12:19Manti la pou yon ti tan. Men, verite la pou tout tan tout tan.
Isaiah 44:25Se mwen menm ki fè siy yo te predi yo pèdi sans yo. Se mwen menm ki fè divinò yo depale. Mwen demanti pawòl moun save yo. Mwen fè yo wè tout konesans yo se bagay moun fou.
Ezekiel 13:17Seyè a di ankò: -Nonm o! Koulye a, vire tèt ou gade nan direksyon medam k'ap fè mesaj yo yo menm! Yo pran pòz pwofèt yo nan mitan pèp Izrayèl la! Denonse yo!
Daniel 2:16Danyèl al mande wa a pou li ba li yon dèle pou l' ka fè wa a konnen sa rèv la vle di.
Daniel 3:15Bon, koulye a, tande n'a tande twonpèt yo ak lòt enstriman mizik yo ap jwe, se pou nou mete ajenou pou n' adore estati mwen fè fè a. Si nou pa fè sa, y'ap jete nou nan gwo fou tou limen an. Pa gen bondye ki pou delivre nou anba men m'.