Daniel 3:2
Lèfini, wa a bay lòd pou tout otorite yo: prefè, kòmandan, gouvènè, komisè, prepoze, jij, majistra ansanm ak tout lòt chèf pwovens yo, reyini pou y'a l' nan premye seremoni y'ap fè pou mete estati lò wa a te fè fè a an sèvis.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 25:2Medam peyi Moab yo menm envite yo nan seremoni ofrann bèt yo t'ap touye pou bondye pa yo. Moun pèp Izrayèl yo ale vre, yo manje epi yo sèvi bondye moun Moab yo.
1 Kings 12:32Jewoboram chwazi kenzyèm jou nan wityèm mwa a pou yon jou fèt, tankou fèt yo fè nan peyi Jida a. Sou lotèl lavil Betèl la, li touye bèt pou estati towo li te fè fè yo. Lèfini, se la lavil Betèl ankò li mete prèt ki pou sèvi nan lòt kote li te bati pou fè sèvis yo.
Daniel 3:27Tout gwo zotobre yo: prefè, kòmandan, gouvènè ansanm ak tout lòt chèf yo sanble pou yo wè twa mesye yo. Dife a pa t' fè kò yo anyen. Yon branch cheve nan tèt yo pa t' boule, rad sou yo pa te menm flambe. Pa t' gen okenn lafimen sou yo.
Daniel 6:6Se konsa yo kouri al jwenn wa a, yo di l' konsa: -Wa Dariyis, nou mande pou bondye yo ba ou lavi pou lontan ankò!