Daniel 3:22
Lòd wa a te bay la te sevè, kifè yo te chofe fou a anpil anpil. Se konsa flanm dife ki t'ap soti nan fwa a boule gad ki t'ap jete mesye yo nan dife a. Yo mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Twa mesye yo menm, Chadrak, Mechak ak Abèdnego, tonbe tou mare nan gwo fou tou limen an.
Cross References
Exodus 12:33Moun peyi Lejip yo te cho cho dèyè moun pèp Izrayèl yo pou fè yo prese kite peyi a. Yo t'ap di: -Si nou pa ale, nou tout ap mouri!
Proverbs 11:8Jou malè, moun ki mache dwat ap jwenn pwoteksyon. Sa ki pou ta rive l' la, se mechan an li rive.
Daniel 1:7Kòmandan nèg konfyans wa yo te chanje non ti mesye yo. Li te rele Danyèl Beltechaza, Ananya Chadrak, Michayèl Mechak, Azarya Abèdnego.
Daniel 6:24Lè sa a, wa a bay lòd pou y' al arete tout moun ki te vin akize Danyèl yo. Li fè jete yo tout nan gwo twou lyon an ansanm ak madanm yo ak pitit yo. Yo pa t' ankò rive atè nan twou a, lyon yo te gen tan vare sou yo, kraze tout zo nan kò yo.
Matthew 27:5Jida jete pyès lajan yo nan tanp lan, li soti, li ale pann tèt li.