The Bible Software
bible.software › Daniel › Daniel 6 › Daniel 6:25

Daniel 6:25

Apre sa, wa Dariyis ekri yon lèt voye bay tout moun sou latè, moun tout peyi, moun tout ras ki pale tout kalite lang. Li di yo: -Mwen mande pou nou viv ak anpil kè poze!

Bib La

In The King James Version

Then king Darius wrote unto all people, nations, and languages, that dwell in all the earth; Peace be multiplied unto you.

In Context

24Lè sa a, wa a bay lòd pou y' al arete tout moun ki te vin akize Danyèl yo. Li fè jete yo tout nan gwo twou lyon an ansanm ak madanm yo ak pitit yo. Yo pa t' ankò rive atè nan twou a, lyon yo te gen tan vare sou yo, kraze tout zo nan kò yo.

26Men lòd mwen bay pou tout peyi ki sou zòd mwen: Se pou tout moun gen krentif pou Bondye Danyèl la. Se pou yo respekte l'. Se yon Bondye vivan li ye! Se li menm ki chèf pou tout tan! Gouvènman li p'ap janm tonbe. Pouvwa li p'ap janm fini.

Read all of Daniel 6

Cross References

Ezra 1:1Lè sa a, wa Siris pa t' ankò gen ennan depi li t'ap gouvènen peyi Pès la, lè Seyè a mete lide nan tèt wa a pou li bay yon lòd, fè kouche l' sou papye voye toupatou nan peyi a pou yo te ka li l' pou tout moun tande. Sa te pase konsa pou pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an te ka rive vre. Men lòd la:

Esther 3:12Se konsa, nan trèzyèm jou premye mwa a, Aman fè rele tout sekretè wa yo, li ba yo yon piblikasyon pou yo mete nan lang chak peyi, jan yo ekri lang lan nan peyi a. Lèfini, li bay lòd pou yo voye l' bay tout prefè wa a, tout gouvènè pwovens yo ak tout chèf lòt pèp yo. Piblikasyon an te fèt nan non wa Asyeris. Lèfini, li mete so bag wa a anba li.

Esther 8:9Tou sa te pase nan venntwazyèm jou twazyèm mwa a, mwa Sivan an. Madoche fè chache tout sekretè wa yo, li di yo tou sa pou yo mete nan lèt pou yo voye bay jwif yo, bay gouvènè yo, bay prefè yo ak lòt chèf pèp yo, nan tout sanvennsèt (0127) pwovens yo, depi peyi Lend rive peyi Letiopi. Lèt yo te ekri pou chak pwovens yo nan lang yo, dapre jan yo ekri lang lan nan peyi a. Yo ekri lèt pou jwif yo nan lang pa yo, dapre jan yo ekri lang pa yo a tou.

Psalms 9:16(09:17) Seyè a fè yo konnen ki moun li ye, li jije yo san patipri. Sa mechan yo fè a tounen kont yo.

Daniel 4:1Men mesaj wa Nèbikadneza voye bay tout pèp, moun tout ras nan tout peyi ki pale lòt lang toupatou sou latè: -Gwo bonjou ak anpil kè poze pou nou tout.

2 Peter 1:2M'ap mande Bondye pou nou resevwa anpil benediksyon ak kè poze, gremesi konesans Bondye ak Jezikri, Seyè nou an, nou genyen.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Daniel 6:25

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Daniel 6:24Daniel 6Daniel 6:26 →