The Bible Software
bible.software › Daniel › Daniel 6 › Daniel 6:8

Daniel 6:8

Monwa, nou mande ou pou fè ekri lòd sa a, lèfini pou ou siyen l'. Konsa, dapre lalwa peyi Medi ak peyi Pès la, yo pa t' ka chanje anyen ladan l', tout moun fèt pou koube devan l'.

Bib La

In The King James Version

Now, O king, establish the decree, and sign the writing, that it be not changed, according to the law of the Medes and Persians, which altereth not.

In Context

7Tout gwo chèf nan peyi a ansanm ak prefè yo, gouvènè yo, minis yo ak lòt chèf yo, nou tout, nou dakò pou wa a pase yon lòd sevè ki mande pou tout moun lapriyè nan pye wa a ase pandan trant jou. Nenpòt moun ki ta dezobeyi lòd sa a, epi ki ta lapriyè nan pye yon bondye osinon yon lòt moun pandan tan sa a, se pou yo jete l' nan gwo twou lyon yo.

9Se konsa, wa Dariyis siyen lòd la.

Read all of Daniel 6

Cross References

Esther 3:12Se konsa, nan trèzyèm jou premye mwa a, Aman fè rele tout sekretè wa yo, li ba yo yon piblikasyon pou yo mete nan lang chak peyi, jan yo ekri lang lan nan peyi a. Lèfini, li bay lòd pou yo voye l' bay tout prefè wa a, tout gouvènè pwovens yo ak tout chèf lòt pèp yo. Piblikasyon an te fèt nan non wa Asyeris. Lèfini, li mete so bag wa a anba li.

Esther 8:8Men, depi yo bay yon lòd piblik nan non wa a, avèk so wa a sou li, li pa ka revoke. Tansèlman, nou menm, nou gen dwa ekri yon lèt bay jwif yo nan non mwen avèk so mwen sou li.

Psalms 94:21Y'ap fè konplo sou moun ki mache dwat yo, y'ap kondannen inonsan yo amò.

Daniel 6:12Yo tout al jwenn wa a epi yo di l': -Monwa, èske ou pa t' siyen yon lwa ki te mande pou tout moun lapriyè nan pye ou ase pandan trant jou? Nenpòt moun yo ta jwenn ap lapriyè yon bondye osinon yon lòt moun pandan tan sa a, se pou yo jete l' nan gwo twou lyon an, pa vre? Wa a reponn: -Lòd la bay dapre lalwa peyi Medi ak peyi Pès la ki pa ka chanje.

Matthew 24:35Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen p'ap janm pase.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Daniel 6:8

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Daniel 6:7Daniel 6Daniel 6:9 →