The Bible Software
bible.software › Daniel › Daniel 7 › Daniel 7:9

Daniel 7:9

Mwen t'ap gade toujou, mwen wè yo ranje yon bann fotèy. Yon granmoun ki te la depi nan konmansman vin chita sou yonn nan fotèy yo. Rad ki te sou li a te blan kou koton. Cheve nan tèt li te tankou lenn mouton byen pwòp. Fotèy li a te tankou flanm dife, li te moute sou wou ki te tankou chabon dife tou limen.

Bib La

In The King James Version

I beheld till the thrones were cast down, and the Ancient of days did sit, whose garment was white as snow, and the hair of his head like the pure wool: his throne was like the fiery flame, and his wheels as burning fire.

In Context

8Antan m'ap gade kòn yo konsa, mwen wè yon lòt ti kòn tou piti k'ap pouse nan mitan yo. Li rache twa nan kòn ki te la deja yo. Ti kòn sa a te gen je tankou moun ak yon bouch ki t'ap di tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye.

10Dife t'ap koule soti nan fotèy la devan li tankou yon larivyè. Te gen mil milye moun la ki t'ap sèvi l'. Te gen dimil milyon moun kanpe la devan l'. Tribinal la te pare pou jijman an. Yo louvri liv yo.

Read all of Daniel 7

Cross References

1 Kings 22:19Miche pran lapawòl ankò li di: -Bon! Koute mesaj Seyè a. Mwen te wè Seyè a chita sou fotèy li nan syèl la, avèk tout zanj li yo kanpe bò kote l', sou bò dwat ak sou bò gòch li.

Psalms 90:2Anvan menm ou te kreye mòn yo, anvan ou te fè latè ak tout sa ki ladan l', depi tout tan ak pou tout tan se Bondye ou ye.

Psalms 102:24(0102:25) Mwen di: Bondye mwen, ou menm k'ap viv pou tout tan, pa pran m' koulye a. Mwen jenn gason toujou.

Isaiah 6:1Lanne wa Ozyas mouri a, mwen wè Seyè a. Li te chita sou yon gwo fotèy byen wo. Ke rad li te plen tout tanp lan.

Jeremiah 49:38M'ap disparèt wa yo a ansanm ak tout lòt chèf yo. Se la m'ap mete fotèy mwen an. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Ezekiel 1:16Tout wou yo te parèy, yo te klere tankou wòch krizolit. Ou ta di yo chak gen yon lòt wou menm gwosè pase an travè ladan yo,

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Daniel 7:9

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Daniel 7:8Daniel 7Daniel 7:10 →