Daniel 8:9
Yon ti kòn pouse sou yonn nan kòn sa yo. Li grandi, li mache fè lagè ak moun peyi nan sid la, moun peyi bò solèy leve a ak moun peyi ki pi bèl pase tout lòt yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 48:2(048:3) Ala yon bèl mòn! Li fè kè tout moun sou latè kontan. Sou mòn Siyon an, ki sou bò nò, se la yo bati lavil gwo wa a.
Jeremiah 3:19Seyè a te di ankò: -Jan m' ta renmen asepte ou pou pitit mwen! Mwen ta ba ou yon peyi ki plen bèl bagay, peyi ki pi bèl pase tout lòt peyi sou latè, peyi ki t'ap rele ou pa ou. Mwen t'ap di nan kè m' yo pral rele m' papa. Yo p'ap janm vire do ban mwen ankò.
Ezekiel 20:15Se konsa, mwen fè sèman nan dezè a mwen pa t'ap mennen yo nan peyi mwen te ba yo a, peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo, peyi ki pi bèl pase tout lòt peyi.
Daniel 7:20Mwen te vle plis esplikasyon sou dis kòn ki te sou tèt li yo ak sou ti kòn ki te parèt apre a epi ki te fè twa nan lòt kòn yo tonbe. Ti kòn sa a te gen je tankou moun ak yon bouch ki t'ap di tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye. Li te parèt pi gwo pase tout lòt yo.
Daniel 7:25L'ap pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, l'ap malmennen moun k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. L'ap fè lide chanje tout fèt ak tout prensip lalwa Bondye a. Pandan twazan sis mwa, l'ap kenbe pèp Bondye a anba men l'.
Daniel 11:16Lame peyi Siri a pral fè sa li vle ak peyi Lejip. Pesonn p'ap ka kenbe tèt avè l'. L'ap rete kèk tan nan pi bèl peyi ki sou latè a. L'ap detwi tou sa ki tonbe anba men l'.