Deuteronomy 10:12
Koulye a, nou menm pèp Izrayèl, men sa Seyè a, Bondye nou an, mande nou: Se pou nou gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an. Se pou nou swiv chemen li mete devan nou an. Se pou nou renmen l'. Se pou nou sèvi l' ak tout kè nou ak tout nanm nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Se pou nou mache dapre tout kòmandman ak tout lòd li yo. Se pou byen nou mwen ban nou yo jòdi a.
Cross References
Deuteronomy 4:29Men, lè sa a, n'a pran chache Seyè a, Bondye nou an. Si nou chache l' ak tout kè nou, n'a jwenn li.
Deuteronomy 5:33N'a mache dwat nan chemen Bondye nou an, Seyè a, mete devan nou an. Se konsa n'a gen lavi, n'a gen kè kontan. N'a viv lontan nan peyi nou pral pran pou nou rete a.
Deuteronomy 6:13Se pou Seyè a, Bondye nou an, ase pou nou gen krentif. Se li menm ase pou nou sèvi. Se non li sèlman pou nou pran pou fè sèman.
Deuteronomy 26:16Seyè a, Bondye nou an, pase nou lòd jòdi a pou nou swiv tout lwa ak tout regleman sa yo. N'a kenbe yo, n'a fè sa yo mande nou la a ak tout kè nou ak tout nanm nou.
Deuteronomy 30:16Sa m'ap mande nou jòdi a, se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an, se pou nou viv jan li vle l' la, se pou nou fè tou sa li mande nou fè nan kòmandman li yo, nan lòd li yo ak nan regleman li yo. Konsa, n'a gen lavi, n'a gen anpil pitit. Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi nou pral pran pou rele nou pa nou an.
Joshua 22:5Sèl bagay n'ap mande nou, se pou nou obeyi kòmandman ak lalwa Moyiz, sèvitè Seyè a, te ban nou an. Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an. Se pou nou toujou mache nan chemen li mete devan nou an. Se pou nou fè tou sa l' mande nou fè. Se pou nou kenbe pye l' fèm. Se pou nou sèvi l' ak tout kè nou ak tout nanm nou.