Deuteronomy 10:14
Gade non! Se pou Seyè a syèl la ak tou sa ki anwo nèt nan syèl la ye. Se pou li latè ak tou sa ki ladan l' lan ye.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Se pou nou mache dapre tout kòmandman ak tout lòd li yo. Se pou byen nou mwen ban nou yo jòdi a.
Cross References
Genesis 14:22Abram reponn wa Sodòm lan, li di l'. Mwen fè sèman devan Seyè a, Bondye ki anwo nan syèl la, li menm ki fè syèl la ak latè a,
Exodus 19:5Koulye a menm, si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m'ap chwazi pou moun pa m' nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou mwen, se vre.
2 Chronicles 6:18Men, Bondye, èske ou ka rete tout bon sou latè ak moun? Ata syèl la pa laj ase pou l' kenbe ou! Ale wè pou ti kay mwen bati pou ou la a!
Psalms 24:1Se yon sòm David. Se pou Seyè a tè a ye ansanm ak tou sa ki sou li. Se pou Seyè a lemonn antye ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l'.
Psalms 115:16Syèl la se pou Seyè a li ye. Li bay moun latè pou yo.
Isaiah 66:1Men sa Seyè a di ankò: -Syèl la, se fòtèy kote mwen chita a. Tè a, se ti ban pou m' lonje pye m'. Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen? Ki kote nou ta ka ban mwen pou m' poze kò m'?